Politik konfidansyalite
Ki enfòmasyon nou kenbe ak kisa nou fè avè yo.
Dènye mizajou: 14 novanm 2026.
Sa nou kenbe
- Sa ou ba nou lè ou ekri nou oswa enskri: non ou ak nimewo WhatsApp ou.
- Pwogrè ou nan kou yo ak setifika ou jwenn.
- Sit la sove lang ou chwazi nan navigatè ou (sou telefòn ou). Nou pa fè piblisite ak done sa a.
Sa nou pa fè
- Nou pa vann ni lwe enfòmasyon ou bay lòt moun.
- Nou pa mande ni kenbe nimewo kat bank ou, ni modpas bank ou.
- Peman MonCash ak NatCash fèt deyò sit la, nan aplikasyon yo menm.
Dwa ou
Ou ka mande nou wè, korije oswa efase enfòmasyon ou kenbe sou ou. Ekri nou sou WhatsApp 4912-4849.
Chanjman
Si nou chanje politik sa a, nou ap mete nouvo dat la anlè paj la.