🎓 Sètifika lè w fini💳 Peye ak MonCash oswa NatCash, an goud📱 Mache sou telefòn
Kou an Kreyòl · Sou telefòn oswa òdinatè

Aprann sa ki ka chanje travay ou, nan lang ou.

Chwazi kou ou vle nan lis la. Leson yo klè, san jagon konplike, epi ou aprann nan pwòp ritm ou.

Yon moun ap travay sou òdinatèYon entèvyou travayEkipman rezo wifi
🎓 Sètifika lè w fini

Poukisa aprann isit la?

  • ✓ Tout leson yo an Kreyòl
  • ✓ Ou pa bezwen entènèt rapid
  • ✓ Egzèsis ak kiz apre chak leson
  • ✓ Sètifika lè w fini kou a
  • ✓ Ou ka peye ak MonCash oswa NatCash

Eksplore pa kategori

Chwazi domèn ki enterese w.

Chwazi chemen ou

Kòmanse ak yon kou gratis pou w wè kijan sa mache, oswa swiv yon kou konplè pou w resevwa sètifika.

GRATIS

Kou gratis

Kòmanse san peye. Li premye leson yo epi gade si kou a bon pou ou.

Gade kou yo
SÈTIFIKA

Kou ak sètifika

Swiv kou a nan tout li, pase kiz final la, epi resevwa sètifika ou.

Chwazi yon kou

Chwazi kou ou vle aprann

Filtre pa kategori oswa chèche pa non. Klike sou yon kou pou wè detay li.

Pa gen kou ki koresponn.
Eseye yon lòt mo, oswa di nou ki kou ou ta renmen wè isit la.

Mande yon kou

Poukisa Lakay Akademi?

Yon vrè lekòl an liy, fèt pou Ayisyen.

🇭🇹

Tout bagay an Kreyòl

Leson yo ekri nan lang ou pale, ak egzanp ki sòti isit.

📱

Sou telefòn ou

Ou pa bezwen òdinatè ni entènèt rapid. Aprann kote w vle.

✍️

Egzèsis ak kiz

Chak leson gen yon egzèsis ak yon kiz pou w verifye sa w aprann.

🎓

Sètifika

Lè w pase egzamen final la, ou ka enprime sètifika w.

💰

Prix an goud

Peye ak MonCash oswa NatCash. Pa gen kat bank ni dola.

💬

Ou pa poukont ou

Gen yon asistan ak sipò sou WhatsApp pou reponn kesyon ou yo.

Clanard Jefferson
Pwofesè ou

Clanard Jefferson

Administratè rezo ak sekirite · Telekominikasyon

Mwen travay chak jou ak rezo, sèvè, kamera ak sekirite. Mwen kreye kou sa yo pou moun ki vle aprann bagay pratik, nan lang yo, san yo pa bezwen kite peyi a.

8+ane eksperyans
30+kou ak leson
3lang: KR · FR · EN
FirewallWiFiLAN / WANKamera IPSèvèAI & AjanOtomatizasyon
  • Eksperyans reyèl sou teren, depi 2018
  • Fòmasyon nan Telekominikasyon
  • Leson senp, ak egzanp ou ka fè kay ou

Fòmasyon ak sètifika

🏅
AI Unlocked: Agents and SkillsBinance Academy · Certificate of Completion

Kou sou ajan AI ak konpetans pou travay ak AI, konplete ak sètifika.

🎓
TelekominikasyonCanado Technique

Baz teknik nan rezo ak kominikasyon.

🛡️
Administratè rezo ak sekiriteDepi 2018

Firewall, lyen san fil, WiFi, sèvè ak kamera nan yon antrepriz reyèl.

🚀
Kreyatè platfòm PanyeoBoutik an liy pou biznis ayisyen

Mwen konstwi ak mete sou entènèt platfòm Panyeo ak Lakay Akademi a.

📷
Kreyatè SablcountSistèm kontaj ak kamera AI

Mwen kreye Sablcount, yon sistèm ki konte moun, bèt oswa nenpòt objè ak kamera ak entèlijans atifisyèl.

Gade yon ti entwodiksyon

Yon ti videyo kout (8 segonn, an fransè) pou w wè kijan kou yo ye.

Kisa yon rezo ye, an 8 segonn

Konekte yon rezo, etap pa etap

SÈTIFIKA REYISIT

Lakay Akademi

Sa a sètifye ke

Non Elèv la

te fini avèk siksè kou

Mini-kou 7 Jou: Excel pou Debitan

EGZANP

Montre sa w konnen

Lè w fini yon kou epi w pase egzamen final la (70%), ou resevwa yon sètifika ou ka enprime.

  • Non w ak non kou a sou sètifika a
  • Yon nimewo sètifika inik
  • Ou ka enprime l oswa sove l an PDF

Plis pase yon aprantisaj

Apre kou a, itilize sa w aprann pou w avanse nan travay ou oswa nan biznis ou.

Aprann

Swiv leson yo an Kreyòl sou telefòn oswa òdinatè, nan pwòp ritm ou.

Pratike

Fè egzèsis ak kiz apre chak leson pou w verifye sa w konprann.

Resevwa sètifika

Pase kiz final la epi resevwa sètifika ou pou montre sa w konnen.

Prepare pou travay

Jwenn modèl CV ak konsèy pou entèvyou nan seksyon Resous la.

Louvri Resous →

Kijan sa mache

Senp, an twa etap.

1

Chwazi kou a

Gade lis kou yo epi klike sou sa ki enterese w.

2

Enskri sou WhatsApp

Bouton an voye mesaj ba nou. Nou ba w enstriksyon peman an (MonCash oswa NatCash).

3

Kòmanse aprann

Aprè peman, ou resevwa aksè ak leson yo epi ou kòmanse nan pwòp ritm ou.

Kesyon moun poze souvan

 

Èske m bezwen konnen anyen anvan m kòmanse?

Non. Chak kou gen yon nivo ki make sou kat la. Kou "Debitan" yo kòmanse nan zewo.

Kijan mwen peye?

Ou peye ak MonCash oswa NatCash. Aprè ou fin enskri sou WhatsApp, nou ba w enstriksyon yo. Lè peman an konfime, nou voye w yon kòd aksè pou kou a.

Èske m ka suiv kou yo sou telefòn mwen?

Wi. Leson yo fèt pou mache sou telefòn kou sou òdinatè, san videyo ki lou.

Èske gen sètifika?

Wi, ou resevwa yon sètifika lè ou fini kou a epi ou pase kiz final la.

Mwen pa wè kou mwen vle a. Kisa m fè?

Ekri nou sou WhatsApp epi di nou ki kou ou bezwen. N ap ajoute nouvo kou regilyèman.

Mwen nan lòt peyi (Etazini, Kanada, Frans…). Kijan mwen peye?

Ou ka peye depi nenpòt peyi. Ekri nou sou WhatsApp epi di nou kou a. Nou ba w enstriksyon pou voye lajan an bay yon manm fanmi oswa yon zanmi nan Ayiti ki resevwa l nan MonCash/NatCash, oswa pa sèvis transfè lajan (Sendwave, Remitly, Western Union). Nou di w pri a an dola avan ou peye. Lè peman an konfime, nou voye w kòd aksè a sou WhatsApp.

Pare pou kòmanse?

Ekri nou sou WhatsApp epi nou ede w chwazi kou ki bon pou ou.

Pale ak nou sou WhatsApp