A pwopo nou
Kiyès ki dèyè Panyeo ak Lakay Akademi.
Panyeo ak Lakay Akademi se pwojè Clanard Jefferson Chery, yon Ayisyen ki travay nan rezo ak sekirite enfòmatik. Li te etidye Telekominikasyon nan Canado Technique.
Sa nou fè
- Panyeo (panyeo.com): boutik an liy, kès POS, devis, livrezon ak lòt zouti pou biznis an Ayiti. Peman ak MonCash, NatCash oswa kach.
- Lakay Akademi (panyeo.com/akademi): kou an Kreyòl ak videyo, pou aprann yon metye nan pwòp ritm ou, sou telefòn oswa òdinatè.
Fèt an Ayiti
Nou fè sa pou ede Ayisyen travay pi byen ak teknoloji nan lang yo. Si ou gen yon kesyon, ekri nou sou WhatsApp. Se yon moun reyèl ki reponn.