← Lakay Akademi

Kondisyon ak rembousman

Règ pou itilize sit la ak achte kou.

Dènye mizajou: 14 novanm 2026. Lè ou achte yon kou oswa itilize sit la, ou aksepte règ sa yo.

Aksè pou tout lavi

Lè ou peye yon kou, ou jwenn aksè pou tout lavi sou kou sa a, ak tout nouvo leson nou ajoute ladan l. Aksè a se pou ou pèsonèlman. Pa pataje kòd aksè ou a ak lòt moun.

Pa gen rembousman

Paske ou jwenn aksè konplè ak tout videyo yo imedyatman, nou pa fè rembousman apre aksè a bay. Gade pri a, ak preview kou a, epi poze nou kesyon sou WhatsApp anvan ou peye.

Si ou peye men ou pa janm resevwa aksè a, oswa si yo pran lajan an de fwa, ekri nou sou WhatsApp. N ap korije sa oswa n ap remèt lajan an.

Peman

Pri yo an goud (HTG). Ou peye ak MonCash oswa NatCash, epi nou voye kòd aksè a sou WhatsApp apre peman an konfime. Kenbe mesaj konfirmasyon peman an kòm prèv.

Setifika

Setifika ou jwenn apre ou fini yon kou se yon setifika Lakay Akademi ki montre ou fini kou a. Li pa yon diplòm leta, ni yon diplòm inivèsite.

Itilizasyon kòrèk

Pa kopye, vann ankò, oswa mete videyo ak leson yo sou lòt sit san pèmisyon ekri nou.

Sèvis Panyeo

Pou sèvis Panyeo yo (boutik, kès POS, elatriye), kondisyon an detay (pri, abònman) bay sou paj sèvis la oswa sou WhatsApp anvan ou komanse. Nou pa mande kat bank pou kòmanse.

Kontak

Kesyon: WhatsApp 4912-4849.